Elèv ki nan lekòl, kan ak sant gadri ki ap patisipe, elijib pou leson natasyon pwogram Zero Drownings Miami-Dade la, ke nou ofri gratis.
Timoun ki ap patisipe yo, nou transpòte yo ale kote founisè Konte, founisè minisipal oswa founisè prive ki pi pre yo a nan kad yon sòti edikatif lekòl/kan/gadri chak jou pandan de semèn. Chak elèv va resevwa jiska 10 leson natasyon an gwoup, chak ap dire 30 minit, avèk yon pwopòsyon maksimòm 1 pou 6, yon enstriktè pou sis elèv. Tout kou natasyon yo itilize yon kourikoulòm ke Lakwa Wouj Ameriken sètifye.
Lè pwogram nan ofri transpò gratis ak leson gratis pandan lajounen, se aksè a sekirite akwatik li ogmante yon fason konsiderab. Tanpri kontakte lekòl ou, kan ou oswa sant ou pou wè si pitit ou pral patisipe nan pwogram Zero Drownings Miami-Dade la.
Pwogram “Zero Drownings Miami-Dade” la gen pou objektif anseye mezi sekirite nan dlo; sa pa vle di pitit ou a pral aprann naje. Tanpri enskri pitit ou a, ansanm ak lòt timoun ak granmoun, nan yon pwogram aprantisaj naje rekonèt ki nan lis sa a:
Tanpri sonje ke kèlkeswa kapasite yon moun genyen pou l naje, nenpòt moun ka riske nwaye.