Ou gen kesyon? Nou gen repons!

Kit ou se yon paran ki ap chèche detay sou leson natasyon oswa yon patnè ki enterese nan sipòte inisyativ la, nou te konpile repons pou kesyon ki pi komen yo. Eksplore seksyon ki anba yo pou w jwenn enfòmasyon ou bezwen.
Inisyativ Zero Drownings Miami-Dade la se yon nouvo pwogram prevansyon nwayad ki gen anpil pati, atravè tout konte a, ki itilize patenarya kle nan kominote a [gade lis patnè ki anba a] pou ogmante sekirite nan dlo pou timoun ak fanmi nan Miami-Dade. Konpozan pwogram lan gen ladan: devlope, opere, ak finanse yon sistèm sekirite alontèm, sou gwo echèl pou timoun lè yo kowòdone ak bay leson sekirite natasyon esansyèl pandan jounen lekòl. Li gen ladan tou yon konpozan angajman ak edikasyon fanmi sou sekirite nan dlo pou paran/gadyen timoun ki enskri nan pwogram lan ak yon kanpay sekirite nan dlo nan tout kominote a sou enpòtans prevansyon nwayad.
Kolaborasyon Zero Drownings Miami-Dade la prevwa yon Miami-Dade kote timoun ki soti nan tout katye, kapasite, kilti, ak orijin sosyoekonomik aprann teknik esansyèl pou prevansyon nwayad ki pral fè yo pi an sekirite epi enspire yo pou respekte ak gen afinite pou dlo a ki se yon pati vital nan kominote nou an. Plan an se pou elaji pwogram lan siklikman chak ane pou li ka rive jwenn 20,000 timoun chak ane apati ane esè 2026-2027 la ak apre. Zero Drownings Miami-Dade pral diminye epi vize elimine nwayad aksidantèl yo.
Fanmi timoun ki patisipe nan leson naje Zero Drownings Miami-Dade yo pral resevwa yon kou sekirite dlo sou entènèt ki ofri pa Lakwa Wouj Ameriken nan lang angle, panyòl, ak kreyòl Ayisyen.
Tout manm kominote a ka vin pi edike sou sekirite nan dlo pou yo antre nan defi zewo a. Vizite seksyon Resous ak Konsèy Sekirite sou sit entènèt sa a pou jwenn enfòmasyon itil ak lyen pou lòt resous.
Dapre Depatman Sante Florid, plis timoun ki gen laj 1 a 9 an mouri nwaye pase nenpòt lòt kòz lanmò nan Miami-Dade. To mòtalite akoz nwayad yo wo nan Konte Miami-Dade akòz plizyè pwen aksè ouvè a dlo (pa egzanp, lanmè, kanal, lak) pandan tout ane a. Anseye teknik sekirite pou naje ak siviv bay timoun piti pwoteje lavi yo epi tou ankouraje yon kominote ki pi an sante, ki pi konekte, ak ki pi rezilyan.

Biwo Prevansyon Noyad Konte Miami-Dade la va pre-seleksyone lekòl ak sant yo, an patenarya avèk lekòl, kan, ak gadri. Paran/Gadyen jèn patisipan yo dwe ranpli tout fòm egzansyon obligatwa yo ak fòm sou entènèt yo. Si yo chwazi klas pitit ou a pou patisipe, w ap resevwa yon notifikasyon ki soyi nan lekòl, kan, oswa gadri pitit ou. Jèn ki soti nan youn nan sit sa yo chwazi yo dwe gen apwobasyon paran yo oswa gadyen yo pou patisipe. Si yo chwazi klas pitit ou a pou patisipe, w ap resevwa yon notifikasyon nan men pwofesè pitit ou a.

Wi. Yo rekonèt gwo risk nwayad pou timoun ki andikape (sitou otis), epi yo mete aksan sou sèvi popilasyon sa a, ak aranjman ki fèt ak ekspètiz òganizasyon ki sèvi timoun ki andikape yo. Tanpri eksplore seksyon “Resous ak Konsèy Sekirite” sou sit entènèt sa a pou plis enfòmasyon ak resous ki gen rapò ak popilasyon sa a.” “Ki moun ki pral bay timoun yo enstriksyon sou sekirite nan dlo a?
Enstriktè Sekirite nan Dlo, ki sètifye pa Lakwa Wouj Ameriken an epi ki travay avèk founisè aprann naje nan konte a, minisipalite a, ak prive yo, pral anseye klas yo. Tout kourikoulòm lan baze sou prèv epi li suiv pi bon pratik sekirite nan dlo ke Lakwa Wouj Ameriken an bay. Rapò elèv- enstriktè a se yon maksimòm de 1 a 6, sa vle di ke pou chak sis timoun nan klas sekirite nan dlo an gwoup la, gen omwen yon enstriktè. Yon sovtè sètifye ap travay pandan tout leson natasyon Zero Drownings Miami-Dade yo.”
Pwofesè yo ap avize elèv ki nan salklas yo chwazi yo, epi si paran/gadyen legal yo ranpli tout fòm enskripsyon obligatwa yo nan dat limit ki fikse a, y ap patisipe nan pwogram nan. Yon nouvo sistèm enfòmasyon ak koleksyon done sou pwogram enskripsyon ki adapte ak fanmi an ap devlope kounye a epi l ap disponib anvan klas otòn nou yo. Lekòl la oswa pwogram nan ap fè aranjman pou transpò ki apwopriye pou laj elèv yo, ki pral transpòte nan yon pisin patisipan pre-chwazi toupre lekòl yo a. Leson natasyon yo ap dire 10 jou lekòl youn apre lòt, pandan 30 minit, epi yo ap gen ladan edikasyon sou sekirite anplis enstriksyon nan dlo. Materyèl pwogram yo ap disponib an Anglè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen.
Asire ke ou ranpli tout fòm pèmisyon sou entènèt yo anvan dat limit la. Pa gen okenn timoun ki ka patisipe san yo pa siyen tout egzanpsyon paran yo nan sistèm ki sou entènèt la. Tanpri, asire ke ou pote mayo de ben pitit ou a, sèvyèt, ak tout lòt founiti oswa materyèl ki nesesè.
Vizite seksyon Resous ak Konsèy Sekirite sou sit entènèt sa a pou w jwenn kote founisè leson natasyon patnè ki pi pre a ye pou w aprann plis sou pwogram Natasyon yo. Asire ke ou suiv tout konsèy sekirite ki nan seksyon sa a tou pou w pwoteje pitit ou a ak lòt timoun ki nan dlo a ak bò dlo a. Ansanm nou ka prevni nwayad timoun.
Avèk ka trajik nwayad timoun nan Miami-Dade, te gen yon bezwen pou aplike yon nouvo pwogram prevansyon nwayad a gran echèl. Apati prentan 2023, lidè nan The Children’s Trust, Konte Miami-Dade, Lekòl Piblik Konte Miami-Dade, Lakwa Wouj Ameriken, Miami Foundation, ak United Way Miami te mete tèt ansanm pou yo elabore estrateji epi aplike yon nouvo inisyativ, ki baze sou modèl “Swim Central” nan Konte Broward, men ki adapte ak bezwen Miami-Dade.

Patnè Prensipal

  • The Children’s Trust
  • Miami-Dade County
  • Miami-Dade County Public Schools
  • American Red Cross
  • The Miami Foundation
  • United Way Miami

Patnè Finansman

  • Edu Foundation
  • Templeton Family Foundation
  • Peacock Foundation
  • Parks Foundation of Miami-Dade
  • Florida Blue Foundation
  • Heckscher Foundation
  • Paul Garcia Family Fund
  • United Healthcare
  • Stamps Foundation
  • Griffin Catalyst
  • Bloomberg Philanthropies

Patnè Founisè Natasyon

(List continues to grow)
  • Ocaquatics Swim School
  • City of Miami
  • City of Miami Springs
  • City of Miami Gardens
  • City of Doral
  • City of North Miami Beach
  • Miami Beach JCC / Swim Gym
Fanmi timoun ki ap patisipe nan leson natasyon Zero Drownings Miami-Dade yo va resevwa yon kou sekirite nan dlo sou entènèt ke Lakwa Wouj Ameriken bay an Anglè, Panyòl, ak Kreyòl Ayisyen.

Tout manm kominote a ka vin pi edike sou sekirite nan dlo pou yo patisipe nan defi zewo a. Vizite seksyon Resous ak Konsèy Sekirite sou sit entènèt sa a pou jwenn enfòmasyon itil ak lyen pou lòt resous.

Zero Drownings Miami-Dade se yon efò kolaboratif ant patnè piblik ak prive, finansè, ak patnè founisè natasyon ki angaje pou mete fen nan nwayad timoun nan kominote nou an. Leson natasyon yo kowòdone epi jere pa Biwo Prevansyon Nwayad Miami-Dade ki fòme pou sipèvize pwogram sa a.
Prèv syantifik yo montre ke patisipasyon nan leson natasyon fòmèl ka diminye risk noyad la pa 88% (Brenner, Taneja, Haynie, Trumble, Qian, et al., Archives of Pediatric & Adolescent Medicine 2009) epi etid yo montre tou ke pwogram prevansyon noyad yo dwe gen plizyè eleman pou yo efikas (Primary and Secondary Drowning Interventions, International Journal of Aquatic Research and Education, 2015, 9, 89-101). Pwogram sa a satisfè kritè sa yo epi li gen yon eleman dirabilite entegre.
Tanpri voye yon imel bay Biwo Prevansyon Noyad la nan:drowningprevention@miamidade.gov.

Resous ak konsèy sou sekirite