Monte baryè! Sekirite entelijan pou yon pisin pi sekiritè

Li enpòtan pou paran itilize kloti pou pisin, alam ak teknoloji emèjan pou redui aksè a dlo san sipèvizyon, epi pou paran mete an plas divès mezi ki redui risk kote timoun ka fèmen tèt yo andedan.

Fèmen avèk konfyans – Fè sekirite a travay byen

Gen aparèy kouvèti otomatik pou pisin ki disponib pou itilizasyon, men yo mande antretyen regilye pou kenbe ray yo pwòp e asire ke sistèm fèmti a fonksyone byen.

Klete nechèl – Limite aksè, pwoteje vi moun

Lè pisin ki pa fouye nan tè pa an sèvis, nechèl yo dwe fèmen avèk baryè oswa kloti ki genyen takèt apwopriye, oubyen yo dwe retire si posib. Nechèl yo dwe toujou rete inaksesib pou timoun ki pa sou sipèvizyon yon adilt.

Alam perimetrik – Yon je vijilan otou pisin nan

Pi fò aparèy alam itilize reyon lazè pou detekte mouvman, menm jan avèk yon sistèm pòt otomatik garaj. Lè yon bagay travèse alam nan, alam nan deklannche. Bèt kay ak lòt pètibasyon eksteryè kapab deklannche fo alam.

Kloti solid, espas sekirize – Tcheke, repare, pwoteje

Kloti ak baryè dwe enspekte chak mwa pou wè si pa gen domaj oswa kèk feblès, tankou lat ki lache oswa ki kase. Ajiste chànyè oswa resò baryè yo si baryè yo pa fèmen poukont yo kòrèkteman, epi siveye chanjman ke kondisyon metewolojik oswa evènman natirèl lakòz nan tè a, paske sa kapab dezaliyen takèt yo.

Kouvri avèk swen – Sekirite kòmanse sou sifas la

Kouvèti pisin ofri yon kouch pwoteksyon anplis kont aksè san otorizasyon nan pisin ak nan spa. Toujou chwazi kouvèti sekirite ki konfòm a nòm volontè F1346-91 òganizasyon ASTM International (American Society for Testing & Materials). Asire ke ou fè yon itilizasyon kòrèk, ou fè yon antretyen regilye, ou retire tout dlo lapli ki akimile sou li. Timoun ak bèt kay pa janm dwe mache oswa jwe sou kovèti sekirite.

Alam flotan – Zòrèy siplantè sou dlo a

Alam sa yo ke yo konsevwa pou detekte mouvman sou sifas dlo kapab alète kay la ansanm ak zòn pisin nan lè yon bagay antre nan dlo a. Sepandan, anpil modèl gen tandans bay fo alam pou van ak lapli. Pou rezon sa, alam sou sifas dlo pa ta dwe prensipal mezi sekirite.

Si pa gen grenpad, pa gen danje – Mete kloti timoun pa ka grenpe

  1. Tout bagay ki bò pisin nan—tankou chèz, tab, bak antrepozaj, glasyè ak ekipman espas rekreyatif—kite yo a yon distans omwen 4 pye lwen kloti a yon kote an sekirite.
  2. Asire ke timoun ak bèt kay pa kapab fouye anba kloti a, sitou kote tè a pa di.
  3. Taye branch pyebwa tou pre yo pou anpeche moun monte pyebwa pou yo antre nan pisin nan.
  4. Evite plante pyebwa oswa enstale gwo ekipman jwèt toupre kloti a.

Alam kòporèl – Yon pwoteksyon anplis, nenpòt lè, nenpòt kote

Lè moun pote alam sa yo sou kò yo, alam yo deklanche kou yo touche dlo. Yo ofri yon kouch pwoteksyon anplis pou timoun ki tou pre dlo ki pa klotire oswa timoun ki ap vizite kay ki gen pisin oswa spa. Sepandan, moun pa ta dwe konte sou yo kòm prensipal mezi sekirite akoz obligasyon pou moun toujou itilize alam nan kòrèkteman.

Gadyen silansye – Alam anba sifas pou yon alèt enstantane

Alam sa yo enstale arebò pisin, sou mi pisin oswa anba dlo epi yo fèt pou yo sonnen imedyatman lè yon moun antre, epi yo repwograme apre yon sesyon natasyon. Pou yon meyè pèfòmans e pou minimize fo alam, se enstalasyon pwofesyonèl ki rekòmande.

Direktiv konsènan baryè sekirite pou pisin rezidansyèl

Telechaje

Konsèy sekirite anplis

Ou bezwen plis enfòmasyon? Nou la pou ede w.

Kontakte nou