Se yon objektif ke, gras a efò kolektif nou atravè Miami-Dade, nou KAPAB fè tounen reyalite. Zero Drownings timoun/enfantil nan Miami-Dade. Plis pase yon pwomès, se yon defi ke nou menm antanke kominote nou kapab leve ansanm.
Inisyativ Zero Drownings Miami-Dade la se yon mouvman inovatè pou prevansyon nwayad nan tout Konte a, ki ap itilize divès patenarya kominotè esansyèl pou ogmante sekirite akwatik pou timoun ak fanmi nan tout Miami-Dade. Avèk plizyè patenarya kolaboratif divès enstitisyon prensipal, finansè/bayèdfon/founisèdfon ak lòt patnè kominotè, ansanm nou wè yon Miami-Dade kote timoun nan tout katye ak tout orijin kiltirèl e sosyo-ekonomik aprann teknik esansyèl pou prevansyon nwayad ki va fè yo pi an sekirite e enspire yo respekte e gen yon afinite pou dlo ki se yon pati vital nan kominote nou an.
Inisyativ sa a genyen ladan li dirije e finanse yon filè sekirite a gran echèl pou timoun, nan kowòdone e nan ofri leson sekirite ki esansyèl pou natasyon sou fòm sòti eskolè plizyè jou avèk transpò pandan jou pwogram lan, epi nan fè fanmi patisipe e edike yo sou sa yo kapab fè pou rann pitit yo pi an sekirite nan dlo ak bò dlo. Anplis de yon kou sekirite akwatik Lakwa Wouj Ameriken ofri anliy nan lang anglè, panyòl ak kreyòl ayisyen, inisyativ sa a genyen ladan li yon kanpay sekirite akwatik nan tout kominote a sou enpòtans prevansyon nwayad. Se yon efò global e kolaboratif ki gen objektif pou prevni nwayad timoun. Patisipe nan Zero Challenge lan.