Leson natasyon: Yon konpetans ki sove vi moun

Leson natasyon se youn nan meyè mwayen pou prevni nwayad. Leson sa yo ede timoun gen plis konfyans nan tèt yo e aprann konpetans esansyèl sekirite akwatik, pou yo ka pi an sekirite nan dlo ak bò dlo.

Tout moun ta dwe aprann naje

Konn naje pa yon konpetans natirèl; moun bezwen yo montre yo teknik debaz pou sove tèt yo nan dlo.
Tout granmoun ak tout timoun ta dwe aprann konpetans esansyèl natasyon pi bonè yo kapab.
Moun ki responsab pou bay swen dwe konprann ke li pa janm “enposib pou timoun nwaye”, menm si yo te pran leson natasyon.
Byenke leson natasyon pa kapab elimine risk nwayad, leson sa yo ofri yon kouch pwoteksyon esansyèl ki sove vi moun.

Kilè pou kòmanse ak ki kote pou chèche

Konsilte pedyat ou anvan w enskri pitit ou nan leson natasyon.
Akademi Amerikèn Pedyatri (AAP) rekòmande pou kòmanse leson natasyon depi a laj 1 ane.
Leson natasyon fòmèl kapab redui risk nwayad a 88% pou timoun laj 1 ane a 4 ane.
Leson konpetans akwatik ak leson natasyon ta dwe kontinyèl, yo pa ta dwe limite a yon sèl sesyon, paske konpetans sa yo dwe devlope e mentni pandan tout ane a.
Chwazi yon founisè leson natasyon ki gen enstriktè sètifye onivo nasyonal (tankou Lakwa Wouj Ameriken) ak yon sovtè de sèvis pou chak klas.
Anplis tou, tout enstriktè natasyon yo dwe sibi yon verifikasyon antesedan.

Danje kache a: Otis ak risk nwayad

Nwayad se prensipal kòz lanmò timoun ki gen otis. Timoun ki gen twoub nan seri twoub maladi otis (ASD), yo 40 fwa pi fasil pou yo nwaye pase timoun parèy yo ki newotipik (Jounal Ameriken sou Sante Piblik). Pi presizeman, timoun ki gen maladi otis gen yon atirans natirèl pou dlo epi yo gen yon gwo tandans pou yo mache san destinasyon (erans). Paran yo dwe konnen gran koneksyon ki egziste ant erans e nwayad. Tout fanmi dwe entegre plizyè kouch pwoteksyon tankou: leson natasyon, baryè, alam, jilè sovtaj, re-animasyon kadyo-pilmonè (CPR) ak pwosedi sovtaj.

Elaji aksè a sekirite akwatik

Elèv ki nan lekòl, kan ak sant gadri ki ap patisipe, elijib pou leson natasyon pwogram Zero Drownings Miami-Dade la, ke nou ofri gratis.
Timoun ki ap patisipe yo, nou transpòte yo ale kote founisè Konte, founisè minisipal oswa founisè prive ki pi pre yo a nan kad yon sòti edikatif lekòl/kan/gadri chak jou pandan de semèn. Chak elèv va resevwa jiska 10 leson natasyon an gwoup, chak ap dire 30 minit, avèk yon pwopòsyon maksimòm 1 pou 6, yon enstriktè pou sis elèv. Tout kou natasyon yo itilize yon kourikoulòm ke Lakwa Wouj Ameriken sètifye.
Lè pwogram nan ofri transpò gratis ak leson gratis pandan lajounen, se aksè a sekirite akwatik li ogmante yon fason konsiderab. Tanpri kontakte lekòl ou, kan ou oswa sant ou pou wè si pitit ou pral patisipe nan pwogram Zero Drownings Miami-Dade la.
Pwogram “Zero Drownings Miami-Dade” la gen pou objektif anseye mezi sekirite nan dlo; sa pa vle di pitit ou a pral aprann naje. Tanpri enskri pitit ou a, ansanm ak lòt timoun ak granmoun, nan yon pwogram aprantisaj naje rekonèt ki nan lis sa a:
Tanpri sonje ke kèlkeswa kapasite yon moun genyen pou l naje, nenpòt moun ka riske nwaye.

Chèche yon founisè leson natasyon tou pre ou ki kolabore ak pwogram nan

Founisè leson natasyon pwogram Zero Drownings yo ofri leson natasyon ki disponib pandan ete ak apre lekòl tou. Eksplore opsyon lokal ki genyen yo pou w jwenn sa ki kadre pi byen avèk bezwen ak nivo konpetans pitit ou.

Konsèy sekirite anplis

Ou bezwen plis enfòmasyon? Nou la pou ede w.

Kontakte nou

Plis pase 100 lekòl ak sant te patisipe

  • Agenoria S. Paschal/Olinda ES 5536 NW 21st Ave Miami, FL 33142
  • Allapattah Child Care 1836 NW 22nd PL Miami, FL 33125
  • Arcola Lake ES 1037 NW 81st Street Miami, FL 33150
  • Avocado ES 16969 SW 294th St Homestead, FL 33030
  • Banyan Tree ES 3060 SW 85th Ave Miami, FL 33155
  • Blue Lakes ES 9250 SW 52nd Ter Miami, FL 33165
  • Brilliant Beginning Learning Center 2050 NE 8th St Homestead, FL 33033
  • Broadmoor ES 3401 NW 83rd St Miami, FL 33147
  • Calusa ES 9580 W CALUSA CLUB DR Miami, FL 33186
  • Caribbean K-8 11990 SW 200 St Miami, FL 33177
  • Charles R Drew K-8 1775 NW 60th ST Miami, FL 33142
  • Catholic Charities Centro Hispano 125 NW 25th St Miami, FL 33127
  • Catholic Charities Good Sheperd 18601 SW 97th Ave Cutler Bay, FL 33157
  • Catholic Charities Notre Dame 130 NE 62nd St Miami, FL 33138
  • Catholic Charities South Dade 285 SW 148th Ave Homestead, FL 33033
  • Centro Mater Walker Park 800 W 29th St Hialeah, FL 33010
  • Comstock ES 2420 NW 18th Ave Miami, FL 33142
  • Coral Park ES 1225 SW 97th Ave Miami, FL 33174
  • Coral Reef ES 7955 SW 152nd St Palmetto Bay, FL 33157
  • Coral Way K-8 1950 SW 13th Ave Miami, FL 33145
  • DR. Carlos J. Finlay ES 851 SW 117th Ave Miami, FL 33184
  • E.W.F. Stirrup ES 330 NW 97th Ave Miami, FL 33172
  • Earlington Heights ES 4750 NW 22nd Ave Miami, FL 33142
  • Easterseals Caleb Center 5400 NW 22nd Ave Miami, FL 33142
  • Easterseals Civic Center 1475 NW 14th Ave Miami, FL 33125
  • Easterseals Culmer 1600 NW 3rd Ave Miami, FL 33136
  • Easterseals Liberty Square 6304 NW 14th Ave Miami, FL 33125
  • Elite Scholars Learning Center 195 NW 156th St Miami, FL 33169
  • Emerson ES 8001 SW 36th St Miami, FL 33155
  • Eneida Massas Hartner ES 401 NW 29th St Miami, FL 33127
  • Ernest R Graham K-8 7330 W 32ND Ave Hialeah FL, 33018
  • Everglades K-8 8375 SW 16th St Miami, FL 33155
  • Fairlawn ES 444 SW 60th Avenue Miami, FL 33144
  • FCAA Children’s Place 14701 NW 7th Ave Miami, FL 33168
  • FCAA DD Simpson 13850 NW 26th Ave Opa Locka, FL 33054
  • FCAA Mt. Calvary 1140 NW 62nd St Miami, FL 33150
  • Florida Academy Corp. 10360 SW 40th St Miami, FL 33165
  • Frank C. Martin K-8 14250 Boggs Dr Miami, FL 33176
  • Frederick Douglass ES 314 NW 12th St Miami, FL 33136
  • Fulford ES 16140 NE 18th Ave North Miami Beach, FL 33162
  • Greynolds Park K-8 1536 NE 179th St North Miami Beach, FL 33162
  • Haitian Youth Early Steps #2 13400 NE 3rd Ct Miami, FL 33161
  • Haitian Youth Lillie M. Williams 770 NW 83rd St Miami, FL 33150
  • Hialeah ES 550 East 8th St Hialeah, FL 33010
  • Hialeah Gardens ES 9702 NW 130th St Hialeah Gardens, FL 33018
  • iPreparatory Academy 1500 Biscayne Blvd Miami, FL 33132
  • Irving & Beatrice Peskoe K-8 29035 SW 144th Ave Miami, FL 33033
  • Interamerican Learning Center 1521 NW 28th St Miami, FL 33142
  • Jack D Gordon ES 14600 Country Walk Dr Miami, FL 33186
  • James W. Bright ES 2530 West 10th Ave Hialeah, FL 33010
  • Johnnie M. Parris Colonial Drive ES 10755 SW 160th St Miami, FL 33157
  • Kelsey Pharr ES 2000 NW 46th St Miami, FL 33142
  • Kinloch Park ES 4275 NW 1st St Miami, FL 33126
  • Lake Stevens ES 5101 NW 183rd St Miami, FL 33055
  • Le Jardin II 107 SW 8th St Homestead, FL 33030
  • Le Jardin III 136 NW 12th St Homestead, FL 33030
  • Le Jardin V 104 NW 12th St Homestead, FL 33030
  • Lenora B. Smith ES 4700 NW 12th Ave Miami, FL 33127
  • Liberty City ES 1855 NW 71st St Miami, FL 33147
  • Lillie C. Evans K-8 1895 NW 75th St Miami, FL 33147
  • Lorah Park ES 5160 NW 31st Ave Miami, FL 33142
  • Marjory Stoneman Douglas ES 11901 SW 2nd St Miami, FL 33184
  • Maya Angelou ES 1850 NW 32nd St Miami, FL 33142
  • Melrose ES 3050 NW 35th St Miami, FL 33142
  • Miami Heights ES 17661 SW 117th Ave Miami, FL 33177
  • Miami Springs ES 51 Park Street Miami Springs, FL 33166
  • My Little World 11369 W Flagler St Miami, FL 33174
  • North Miami ES 655 NE 145th St North Miami, FL 33161
  • Oak Grove ES 15640 NE 8th Ave Miami, FL 33162
  • Olympia Heights ES 9797 SW 40th St Miami, FL 33165
  • O’Farrill Arthur Mays 11341 SW 216th St Miami, FL 33170
  • O’Farrill Coral Way 6741 Coral Way Miami, FL 33155
  • O’Farrill Perrine 17801 Homestead Ave Miami, FL 33157
  • O’Farrill South Miami 6125 SW 68th St South Miami, FL 33143
  • Orchard Villa ES 5720 NW 13th Ave Miami, FL 33142
  • Our Little Ones 8037 NE 2nd Ave Miami, FL 33138
  • St. Albans Allapattah 3465 Brooker Street, Miami, FL 33133
  • Palm Springs North ES 17615 NW 82nd Ave Miami, FL 33015
  • Paul Laurence Dunbar K-8 505 NW 20th St Miami, FL 33127
  • Phillis Wheatley ES 1801 NW 1st Place Miami, FL 33136
  • Pine Lakes ES 16700 SW 109th Ave Miami, FL 33157
  • Poinciana Park ES 6745 NW 23rd Ave Miami, FL 33147
  • Rockway ES 2790 SW 93rd Ct Miami, FL 33165
  • Royal Palm ES 4200 SW 112th Ct Miami, FL 33165
  • RR Moton ES 18050 Homestead Ave Miami, FL 33157
  • Santa Clara ES 1051 NW 29th Ter Miami, FL 33127
  • Shenandoah ES 1023 SW 21st Ave Miami, FL 33135
  • Spanish Lake ES 7940 NW 194th Street Miami, FL 33015
  • St. Albans Coconut Grove 3465 Brooker St Miami, FL 33133
  • St. Albans South Miami 6060 SW 66th St South Miami, FL 33143
  • Sunflowers Academy #4 2901 SW 7th St Hialeah, FL 33135
  • Sunflowers Academy #5 1102 SW 27th Ave Miami, FL 33135
  • Sunset ES 5120 SW 72nd St Miami, FL 33143
  • Sunset Park ES 10235 SW 84th St Miami, FL 33173
  • Sweetwater ES 10655 SW 4th St Sweetwater, FL 33174
  • Tropical ES 4545 SW 104th Ave Miami, FL 33165
  • The Arc of South Florida – ACE Academy South 303 West Palm Dr Florida City, FL 33034
  • Thumbelina Learning Center III 1395 E 4th Ave Hialeah, FL 33010
  • Thumbelina Learning Center VII 16301 NW 2nd Ave Miami, FL 33169
  • West Hialeah Gardens ES 11990 NW 92nd Ave West Hialeah, FL 33018
  • Whispering Pines ES 18929 SW 29th RD Cutler Bay, FL 33157
  • W.J. Bryan ES 1201 NE 125th St North Miami, FL 33161
  • YWCA Colonel Zubkoff 55 NW 199th St Miami, FL 33169
  • Unique Kids Family Childcare 836 NW 183rd St Miami, FL 33169
  • Watch Me Grow Learning Center II, Inc. 2999 NW 32nd Ave Miami, FL 33142