Piske tibebe ak timoun vini nan divès gwosè ak fòm, Gad Kòt Etazini ak fabrikan aparèy flotezon pèsonèl (PFD) yo rekòmande pou yo teste PFD yo imedyatman apre acha. Ou ta dwe teste PFD ou achte a nan yon pisin ak tibebe oswa timoun ki pral mete l la. Se pa paske li mache pou yon tibebe oswa yon timoun ki vle di li pral mache pou yon lòt menm jan an. Tcheke pou wè si pwa a apwopriye, si li konfòtab, epi sitou pou yon pozisyon fas anlè ki estab nan dlo. Tibebe ak timoun ka difisil pou yo rete ap flote nan yon pozisyon fas anlè akòz distribisyon pwa kò a ak tandans yo genyen pou yo lite oswa eseye soti nan dlo a. Gen kèk tibebe ak kèk timoun ki flote pi byen nan yon tip jilè, alòske gen lòt ki ka flote pi byen nan yon lòt. Si yon modèl pa mache byen, eseye yon lòt. Sonje: Pa janm kite yon tibebe oswa yon timoun san sipèvizyon sou yon waf, sou yon bato, oswa nan dlo, menm si yo mete yon PFD.