Zero Drownings Miami-Dade se yon inisyativ inovatè sekirite akwatik ki ap transfòme ansèyman prevansyon nwayad nan tout Konte a. Nan ofri leson natasyon pou timoun a yon echèl an mas sou fòm sòti eskolè, Zero Drownings Miami-Dade ap kreye yon avni ki pi sekiritè pou tout timoun ak fanmi nan tout Miami-Dade.
Yon efò ki akse sou kominote
Ansanm, tout patnè sa yo ap travay pou redui—e finalman rive prevni—nwayad aksidantèl timoun gras a leson natasyon gratis pou timoun piti, edikasyon sekirite akwatik pou fanmi, ak yon kanpay sansibilizasyon atravè tout kominote a.
Pwogram nan genyen ladan li tou yon kourikoulòm sekirite akwatik ki ede timoun kwè nan tèt yo lè yo nan dlo ak bò dlo, ansanm ak yon kou sou sekirite pou fanmi.
Miami-Dade: yon kote tout moun pi an sekirite nan dlo, sou dlo ak bò dlo
Nou gen yon misyon
Misyon Zero Drownings Miami-Dade se pwoteje e ranfòse kapasite timoun atravè natasyon, ekipe yo avèk konpetans esansyèl pou sekirite, konfyans ak kwasans. Vè 2027, objektif nou se fè enpak pozitif sou vi 20,000 timoun ànyèlman, e kontinye eritaj sa a chak ane, nan ankouraje opòtinite dirab nan domèn kwasans, edikasyon, ak sekirite akwatik kominotè pou anpil jenerasyon ki va vini.
Enpak nou: Ranfòse sekirite akwatik
Inisyativ Zero Drownings Miami-Dade ap kreye chanjman dirab nan bay leson natasyon gratis ak edikasyon sou sekirite akwatik atravè lekòl yo ak patnè kominotè yo. Men yon apèsi sou inisyativ la jiska jodi a.